Deklarasyon Divèsite Lekòl Harvard Medikal

Harvard Medical School pran angajman pou kreye ak ankouraje yon kominote divèsifye kote yon gwoup moun chwazi pou pwomote ekselans ak lidèchip nan medsinn ak syans atravè edikasyon, rechèch, swen klinik ak sèvis. Objektiv inik nou, talan yo, eksperyans yo ak kontribisyon yo kòm etidyan HMS yo, estajyè, fakilte, anplwaye ak administratè yo se fondasyon moun kap jere ekselans nou an.

  • Nou rekonèt fòs ak feblès istwa nou yo epi nou pwomote aktivman jistis sosyal, bay defi ak diskriminasyon eoi adrese diferans ak inegalite nou yo.
  • Nou selebre plizyè dimansyon divèsite ke chak manm nan kominote a ofri nou, tankou, men se pa sa sèlman, ras, etnisite, sèks, idantite seksyèl, oryantasyon seksyèl, sikonstans Sosyo ekonomik, orijin nasyonal, kote yo soti, estati imigrasyon, kapasite ak andikap, karakteristik fizik, estati veteran, ideoloji politik, kwayans relijye ak laj.
  • Nou bay yon anviwònman pwoteje kote tout manm kominote nou an ka angaje nan dyalòg, kesyon, aprann epi kontribye nan potansyalite yo.
  • Nou respekte diyite tout manm nan kominote nou an epi ba yo asirans pou yo tout santi yo gen valè ak sipò.
  • Nou bay edikasyon ak fòmasyon ki mete aksan sou respè pou diferans ki genyen nan plizyè kilti, lang ak eksperyans lavi e ki adrese de diferans ki genyen nan sante yo ak wòl ke fos kote ka jwe swa ki klè oubyen pa twò klè nan desizyon yap pran.
  • Nou ankouraje divèsite ak enklizyon nan rekritman, admisyon, anbochaj, retansyon ak pwomosyon.
  • Nou priyorize divèsite ak enklizyon pandan nap devlope regleman HMS yo, pratik ak pwosedi yo.
  • Nou sipòte angajman kominote epi fè patenarya ak moun local yo, kominote global ak nasyonal pou devlope twou divèsite a ak elimine diferans ki genyen nan sante.
  • Nou kontinyèlman kontwole efò divèsite ak enklizyon nou pou asire ke rezilta yo pote HMS pi prè pou reflete divèsite yo te jwenn nan pasyan yo, kominote ak nasyon nou an.
  • Nou chak se yon pati nan kominote HMS la.
  • Nou se Harvard Medicine.